"Souvni Dayiti"

Lyrics and Melody by Othello Bayard

Ayiti cheri, pi bon peyi pase ou lanpwen
Fòk mwen te kite w pou mwen te kap konprann valè w
Fòk mwen te manke w pou m te kap apresye w
Pou m santi vreman tout sa w te ye pou mwen

   Gen bon solèy, bon rivyè e bon brevaj
   Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
   Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè
   Ayiti Toma, se yon peyi ki mè chè

Lè w lan peyi blan, ou gen yon vye frèt ki pa janm bon
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
Ou pakab wè klè otan syèl-la ret andèy
E pandan si mwa tout pyebwa pa gen fèy

   Lan peyi mwen, gen solèy pou bay chalè
   Diran lane tout pyebwa pe bay lonbraj
   Bon briz de mè toujou soufle sou no plaj
   Ayiti Toma, se yon peyi "ki mè chè"

Kon ou lan peyi blan, ou wè tout figi yon sèl koulè
Lanpwen milatrès, bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
Ki renmen bèl wòb, bon poud e bon odè
Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl

   Lan peyi mwen, lè tout bèl moun si la yo
   Sòti lan mès ou sòti lan sinema
   Se pou gade, se pou rete dyòl lolo
   Ala bon peyi se ti Dayiti Toma!

Lè w lan peyi blan, ou pa wè mango ni kòk di tou
Lanpwen sapoti, ni bèl kayimit vèt ou vyolèt
Lanpwen zanana, ni bèl ti pòm kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt

   Ou jwenn zoranj ki soti an Itali
   Men qui fennen, qui toujou mwatye pouri
   An Ayiti sa si bon se koupe dwèt
   E sou se rapò, nou bay tout peyi payèt

Lè w lan peyi mwen, kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou kompè e makomè e pitit la yo?
Sa'n pa wè  konsa, manyen rentre ti bren
Pou'n bwa ti kichoy, pou nou jwe de ti kout zo.

   Fin bay lan men, se rentre lan gran pale
   Se politik, se movèz sitiyasyon
   Sa pou nou fè, se pou nou pran li koul' ye
   Men bon Dye si bon, la ban nou benediksyon

Lè w ou lan peyi blan, ou pè promennen nwit kou jou
Tout moun pè mache, prese prese wa di se chen fou
kote yo prale, pouki yap kouri konsa?
Yo pè pèdi tan, yo pa janm di: kouman sa?

   Lan peyi mwen, moun pa rete avek lè
   Genyen libète, ou gen tan pou pran frechè
   Kote ou pase, se bonjou se bay lan men
   Moun pa janm prese, yo koze tout lon chemen

Lè w an Ayiti, ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa fèt jodi, ou kap fèt li demen si ou vle
Kan demen rive, kel bon ou kel pa bon
Sa pa fè anyen, tout moun konn di bon dye bon.

   An Ayiti, moun pa janm dezespere
   Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
   Nap fè jodi, kan demen pa asire
   Ala bon peyi, o mon Dye, se Ayiti!

"return to main page"